Konpayi Resiklaj Matyè Òganik Resevwa Otorizasyon pou Nouvo Sant Dijesyon Anayewobik nan Delaware

SEAFORD, Del. 6 Septanm 2023Bioenergy Devco (BDC), Divizyon  BTS Bioenergy, LLC nan Amerik-di-Nò ak premye konpayi mondyal nan domèn konsepsyon, jeni, konstwiksyon, finansman, ak operasyon enstalasyon dijesyon anayewobik ,anonse jodi a li te resevwa apwobasyon pou pèmisyon pou konstwiksyon sant resiklaj matyè òganik li nan Sant Inovasyon Byo-enèji li nan Seaford, Delaware.

Sant Inovasyon Byo-enèji ki agrandi a nan Seaford pral itilize teknoloji dijesyon anayewobik ki fyab, teste ak pwouve pou transfòme dechè alimantè òganik an gaz natirèl pwòp ak renouvlab, ansanm avèk yon modifikasyon pou sòl ki pral vin konpòs anplas pou yo itilize nan agrikilti, pwojè òtikilti, jaden kominotè ak plis.

Dijesyon anayewobik se yon pwosesis mikwobyen natirèl ki pwodui enèji ki pwòp ak renouvlab ak yon modifikasyon sòl ki rich an eleman nitritif, pou kreye yon vrè sistèm sikilè. Nan istwa 25 ane Bioenergy Devco, li te bati plis pase 250 dijestè anayewobik nan Lewòp ak Etazini epi l ap jere 140 dijestè anayewobik.

Shawn Kreloff ki se CEO Bioenergy Devco di konsa: “Sant Inovasyon Byo-enèji ki nan Delaware se yon egzanp ekselan fason nou kapab eksplwate resous enèjetik nan dechè alimantè òganik epitou pandan n ap fasilite vin gen yon avni ki pi dirab. Resiklaj matyè òganik se yon gwo chanjman nan batay kolektif nou pou pwoteje klima nou epi pou anpeche polisyon nan Chesapeake Bay.” Lè nou pa kite dechè òganik yo rive nan depotwa yo, ensineratè yo oswa lè nou pa kite yo epapiye nan eta brit, dijesyon anayewobik la ap redui emisyon gaz tèmik pou vin gen lè ki pi pwòp, sa ap evite ekoulman k ap menase ekosistèm wout navigab nou yo epitou sa ap kreye yon sous enèji pwòp ak renouvlab. Paregzanp, metòd dijesyon anayewobik nou itilize nan Sant Inovasyon Byo-Enèji kapab redui emisyon gaz efè tèmik (GHG), sa ki reprezante prèske 19,000 oto ki boule gazolin ki p ap nan lari a chak ane.

Nan dat 6 Septanm, Sant Inovasyon Byo-Enèji te resevwa otorizasyon Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònman Delaware (DNREC) pou, Konstwiksyon Sant Rekiperasyon Resous, Kontwòl Kalite Lè Natirèl Minè ak Tretman Dlo Ize. Bioenergy Devco ap planifye pou fòme yon komite konsiltatif pou pwojè a, ki vize pou ajoute remak moun ki konsène yo nan kominote a.

Bioenergy Devco angaje pou ankouraje dirabilite avèk solisyon inovatif li yo pou anviwònman an. Lansman pwojè byo-enèji sa a se yon etap enpòtan nan reyalizasyon misyon konpayi a ki se ogmantasyon pratik dirab yo epi pou favorize yon monn solid ki respekte anviwònman an.

Enfòmasyon sou Bioenergy Devco 

Bioenergy Devco se yon premye konpayi mondyal nan domèn konsepsyon, jeni, konstwiksyon, finansman, ak operasyon sistèm dijestè anayewobik avanse. Teknoloji pwouve nou itilize metòd byolojik natirèl epi ofri yon chwa fleksib pou ede kominote yo ak biznis yo transfòme dechè ak sektè enèjetik yo. Bioenergy Devco gen biwo santral li nan Annapolis, MD, nou te bati plis pase 250 sant resiklaj matyè òganik epi pou kounye a n ap jere plis pase 150 resiklaj matyè òganik ak enstalasyon pou pwodiksyon enèji pwòp nan lemonn, akl dijestè anayewobik yo pou ede soulaje chanjman klima a lè nou redui emisyon gaz efè tèmik ak depandans nou sou konbistib fosil.

Kontak Medya Bioenergy Devco

Kim Schaefer
Warner Communications
kim@warnerpr.com
bts@warnerpr.com
702-326-6750